AYITI
POU AYISYEN
Libète ou Lanmò
jiskobou!
DWA AK DEVWA
REZOUD PWOBLÈM SA
SE KÒMANSMAN PWOGRÈ
Travay, lopital, lojman, manje, kouran, byen viv ak jwenn bon edikasyon pa ta dwe yon pwoblèm pou Ayisyen, alòske peyi li plen richès natirèl. Enben, se yon defi pou gouvènman an bay pèp la bagay sa yo.
SEKIRITE SE WOUT
DEVLOPMAN NASYON AN
Jan nou tout konnen, sekirite se chemen devlopman yon peyi. Gouvènman an pral mete gason sou li pou l pèmèt pitit peyi an ak zanmi ki vin vizite l yo sikile san pè nan nenpòt zòn ak lè yo vle.
RAZÈ SE MALENG
AK RASIN MOVE PANSE
Depi w tande razè ou wè chomaj, eben gouvènman an pral fè grès kochon an kwit kochon an. ki donk, ansanm ak ekspè e patnè, richès peyi a pral eksplwate nan bon kondisyon pou bay travay.
MAP DIW MÈSI POU SIPÒ OU
BAY PITI PA CHICH
Nou bezwen sipò chak grenn Ayisyen ki renmen AYITI, li pa oblije lajan sèlman men konsèy pozitif tou.
MEN
VIZYON PA NOU POU AYITI
PI BON MWAYEN POU OU EDE PEYI A SEPATISIPE NAN DEVLOPMANL
VIZYON PA NOU POU AYITI se pou tout Ayisyen ka kanpe sou kèlke swa bout tè ki nan mond lan avèk fyète poul dil se Ayisyen.
Pou devlope peyi a ak vrè peyi ou byen moun ki vle pote kole nan bon kondisyon ak transparans nan avansman chak grenn Ayisyen.
Se pou “AYITI™” (YI) travay ak zanmi l yo pou pèmèt li gen pwòp satelit li, inivèsite espesyalize nan konstriksyon ak envansyon e kreye yon lòt modèl sekirite sou teritwal lan san li pa al mande lòt peyi èd.
Se pou nou vann imaj “AYITI™” (YI) nan tout lòt peyi kòm premye peyi nwa ki te soti e libere lòt peyi ki te nan esklavaj.
Jan nou ap di l lan "AYITI POU AYISYEN", wi nou pral fè ke fraz sa respekte. Paske nou fini pa konprann si nou pa travay pou pèp nou sispann al lave chodyè kay vwazen nou pap konn sak rele diyite antan ke yon nasyon.
Nou pap tounen viv tankou epòk pase yo, men nou pap jete kilti nou ak mès ke nou te genyen yo, okontrè nap entegre yo nan nouvo metòd ke nou pral devlope ansanm ak save yo pou nou vin genyen yon peyi ki pi entèlijan e save an menm tan.
Nou se ras ki pi entèlijan sou tè sa, ke yo sote ponpe afèk gade yo, paske yo konnen sa deja e se sak fè yap bare nou la wout.

